Ezra 4:6
Konsa tou, lè wa Zèsès te fenk pran pouvwa a, yo ekri yon lèt akizasyon voye bay wa a kont moun k'ap viv nan peyi Jida ak nan lavil Jerizalèm.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Esther 1:1Vwala se te sou rèy wa Asyeris. Li t'ap gouvènen sanvennsèt (0127) pwovens depi peyi Lend rive peyi Letiopi.
Esther 3:8Lè sa a, Aman al di wa a: -Monwa, gen yon ras moun ki gaye nan tout peyi w'ap gouvènen yo, yo toupatou nan mitan pèp yo, men yo viv apa. Mès pa yo pa menm ak mès lòt pèp yo. Lèfini, yo derefize obeyi lòd ou bay yo. Li pa ta bon pou wa a fèmen je l' sou sa.
Daniel 11:2Koulye a, mwen pral fè ou konnen verite a. Zanj lan di m' ankò: -Gen twa lòt wa ki gen pou gouvènen peyi Pès la ankò, yonn apre lòt. Apre sa, ap gen yon katriyèm wa k'ap pi rich pase tout lòt yo. Avèk richès li, l'ap chita pouvwa li byen chita, epi li pral atake gouvènman peyi Lagrès la.
Acts 24:5Nou fin wè nonm sa a se yon gwo nwizans: l'ap mache fè dezòd nan mitan jwif yo toupatou sou latè. Se chèf gwoup Nazareyen yo li ye.
Acts 25:7Lè Pòl rive, jwif ki te soti Jerizalèm yo vin kanpe bò kote l', yo pote anpil gwo akizasyon kont li, men yo pa t' kapab bay okenn prèv.