Ezra 4:9
Se mwen menm, Reyoum, gouvènè a ak Chimchayi, sekretè pwovens la, ki ekri lèt sa a ansanm ak tout lòt kòlèg nou yo anplwaye gouvenman an, moun lavil Den, moun lavil Afasatak, moun lavil Tapèl, moun lavil Afaras, moun lavil Erèk, moun lavil Babilòn, moun lavil Souz, moun lavil Deya ak moun peyi Elam,
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 17:24Wa peyi Lasiri a pran moun lavil Babilòn, moun lavil Kout, moun lavil Ava, moun lavil Ama ak moun lavil Sefavayim, li voye yo al rete nan lavil peyi Samari nan plas moun Izrayèl li te fè depòte yo. Moun yo pran peyi Samari a pou yo, y' al rete nan tout lavil yo.
2 Kings 17:31Moun lavil Ava yo te fè pòtre Nibaz ak Tatak. Moun lavil Sefavayim yo ofri pitit yo pou boule pou Adramelèk ak Anamelèk, bondye pa yo.
Ezra 5:6Men kopi rapò Tatenayi, gouvènè pwovens lòt bò larivyè Lefrat la, Cheta-Boznayi ak kòlèg li yo ansanm ak tout otorite pwovens la te voye bay wa Dariyis.
Esther 1:2Lè sa a, wa a te rete lavil Souz, kapital la, ki te tankou yon sitadèl.
Isaiah 21:2Mwen fè yon vizyon, mwen wè bagay ki pou bay gwo lapenn lan. Mwen wè moun k'ap trayi, moun k'ap kraze brize! Nou menm lame peyi Elam lan, moute al atake! Nou menm sòlda peyi Medi yo, al sènen lavil li yo! Bondye pral fè moun k'ap soufri anba peyi Babilòn lan sispann plenn.
Jeremiah 49:34Men mesaj Seyè a te bay pwofèt Jeremi sou peyi Elam. Lè sa a, Sedesyas te fèk moute wa nan peyi Jida.