Ezra 5:8
Se devwa nou pou nou fè wa a konnen nou te ale nan pwovens Jida a, nou jwenn y'ap rebati tanp Bondye ki gen pouvwa a, avèk gwo blòk wòch, y'ap koupe gwo poto bwa pou mete nan mi yo. Moun yo pran san yo pou yo fè bon travay, travay la ap mache byen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 10:17paske Seyè a, Bondye nou an, se li menm ki Bondye anwo tout bondye, se li menm ki chèf sou tout chèf. Li gen pouvwa, li gen fòs, li fè moun respekte l'. Li pa nan paspouki, li pa kite yo achte figi l' avèk kado y'ap ofri ba li.
Ezra 1:2-Mwen menm Siris, wa peyi Pès, men lòd mwen bay: Seyè a, Bondye nan syèl la, te mete m' chèf sou tout peyi ki sou latè. Li ban m' reskonsablite pou m' bati yon tanp pou li lavil Jerizalèm, nan peyi Jida.
Ezra 6:4Y'a moute miray yo an bwa ak wòch, yonn sou lòt, twa ranje wòch pou chak ranje bwa. Y'a pran lajan nan kès wa a pou peye tout depans ki va fèt pou travay la.
Ezra 7:23Se pou ou sèten yo bay tou sa Bondye ki nan syèl la mande pou tanp li a, san manke anyen, pou Bondye pa janm fache sou mwen, ni sou pitit ki va gouvènen peyi a apre m'.
Nehemiah 11:3Men lis chèf ki t'ap dirije pwovens Jida a, epi ki te rete lavil Jerizalèm. Rès moun pèp Izrayèl la, prèt yo, moun Levi yo, travayè tanp yo ak pitit domestik wa Salomon yo t'ap viv nan lòt lavil peyi Jida a, chak moun nan lavil kote yo te moun lan, sou pòsyon tè ki te pou yo a.
Esther 1:22Li voye mesaj nan tout peyi ki te anba baton kòmandman l' lan. Mesaj la te ekri nan lang chak peyi, jan yo ekri lang lan nan peyi a. Li voye di se pou chak gason chèf lakay yo: Lè yo pale, se fini!