Ezra 6:4
Y'a moute miray yo an bwa ak wòch, yonn sou lòt, twa ranje wòch pou chak ranje bwa. Y'a pran lajan nan kès wa a pou peye tout depans ki va fèt pou travay la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ezra 3:7Pèp la bay lajan pou peye bòs ki t'ap taye wòch yo ak bòs chapant yo. Yo bay pwovizyon, bwason ak lwil pou yo voye lavil Tir ak lavil Sidon pou bwa sèd y'ap achte nan men moun la yo. Bwa yo te soti peyi Liban, yo pase sou lanmè, yo debake Jope. Yo fè tou sa dapre otorizasyon Siris, wa peyi Pès la, te ba yo.
Ezra 7:20Si gen lòt bagay ou bezwen ankò pou tanp Bondye ou la, ou mèt pran nan kès wa a pou achte yo.
Psalms 72:10Wa peyi Tasis ak wa zile yo va vin ofri l' kado. Wa peyi Saba ak wa peyi Seba va pote kado ba li.
Isaiah 60:6Y'ap ban nou kantite chamo ki soti peyi Madyan ak peyi Efa. Nou p'ap konnen kote pou n' mete yo. Moun ap soti peyi Saba, chaje lò ak lansan. Y'ap pwonmennen fè lwanj Seyè a toupatou.