Ezra 6:11
Men yon lòd mwen bay ankò: si yon moun refize fè anyen nan sa m' mande la a, y'a rache yon poto bwa nan kay li, y'a fè yon pwent li, y'a pèse moun lan pak an pak ak li. Pou kay li a menm, y'a fè l' tounen yon pil fatra, poutèt sa li fè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 9:37Kadav li pral tounen fimye gaye nan tout jaden zòn Jizreyèl la. Konsa pesonn p'ap ka rekonèt li.
Ezra 7:26Tout moun ki pa mache dapre lalwa Bondye ou la osinon dapre lòd wa a bay la, se pou yo san pitye pou yo lè y'ap pini yo pou sa yo fè a. Sa pou yo touye y'a touye. Sa pou yo depòte y'a depòte. Sa pou yo fè peye amann y'a fè peye amann. Sa pou yo mete nan prizon y'a mete nan prizon!
Esther 7:10Se konsa yo pann Aman nan poto li te pare pou Madoche a. Apre sa, kòlè wa a tonbe.
Daniel 3:29Koulye a, men lòd mwen bay pou tout pèp, moun tout peyi ak moun tout ras ki pale lòt lang yo: si yonn nan nou pale Bondye Chadrak, Mechak ak Abèdnego a mal, se pou yo depatcha l'. Lèfini, se pou yo kraze kay li nèt mete atè. Paske pa gen lòt bondye ki ka delivre moun konsa.