Ezra 6:12
Se pou Bondye ki chwazi lavil Jerizalèm pou se la yo bati kay li a jete tout wa, kraze tout nasyon ki ta konprann pou yo pa koute lòd mwen bay la a, epi ki ta detwi tanp Bondye a ki lavil Jerizalèm. Se mwen menm, Dariyis, ki bay lòd sa a. Se pou yo fè sa mwen bay lòd fè a san wete san mete.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 12:5Se Bondye menm ki pral chwazi yon kote pou l' rete nan mitan pèp la, kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a vin jwenn Seyè a, Bondye nou an.
Deuteronomy 16:2Pou fèt delivrans lan, n'a ofri bèf, kabrit ak mouton pou yo touye pou Seyè a, Bondye nou an, kote li te chwazi pou yo adore l' la.
2 Chronicles 7:16Depi jòdi a, mwen chwazi kay sa a, mwen mete l' apa pou mwen. Se la pou yo fè sèvis pou mwen. M'ap veye l', m'ap pwoteje l' chak jou.
Ezra 7:17Konsa, avèk tout ajan sa a w'a achte towo bèf, belye mouton, jenn ti mouton ansanm ak grenn jaden, grenn danre, diven ak lwil ki pou mache ak yo. Epi w'a ofri yo sou lotèl la nan tanp Bondye ou la ki lavil Jerizalèm.
Esther 8:14Jan wa a te bay lòd la, mesaje yo moute sou chwal wa yo, yo kouri pote lèt yo ale. Yo te mache fè konnen lòd wa a nan lavil Souz, kapital la, tou.
Psalms 21:8(021:9) Wa a ap mete men l' sou tout lènmi l' yo, l'ap mache pran tout moun ki pa vle wè l' yo.