The Bible Software
bible.software › 2 Chronicles › 2 Chronicles 29 › 2 Chronicles 29:30

2 Chronicles 29:30

Apre sa, wa Ezekyas ak lòt chèf yo mande moun Levi yo pou yo chante pou Seyè a chante David ak pwofèt Asaf te ekri pou fè lwanj Seyè a. Se konsa tout moun t'ap chante ak kè kontan, antan yo te ajenou ak tèt yo bese jouk atè.

Bib La

In The King James Version

Moreover Hezekiah the king and the princes commanded the Levites to sing praise unto the LORD with the words of David, and of Asaph the seer. And they sang praises with gladness, and they bowed their heads and worshipped.

In Context

29Lè yo fin boule ofrann yo sou lotèl la, wa a ak tout moun ki te la yo mete ajenou, yo bese tèt yo jouk atè devan Bondye.

31Lè sa a, Ezekyas di pèp la: -Koulye a nou menm ki mete tèt nou apa pou fè sèvis Seyè a, pwoche non! Pote ofrann nou ansanm ak bèt pou yo touye pou di Bondye mèsi. Se konsa tout pèp la pote bèt pou yo touye ak lòt ofrann pou di Bondye mèsi. Gen ladan yo ki te ofri bèt pou yo boule nèt pou Bondye paske yo te vle fè l'.

Read all of 2 Chronicles 29

Cross References

1 Chronicles 16:7Se lè sa a, pou premye fwa, David te bay Asaf ak lòt moun Levi yo reskonsablite pou yo fè lwanj Seyè a.

2 Chronicles 23:18Jeojada mete gad pou fè faksyon devan Tanp Seyè a, anba otorite prèt yo ak moun Levi yo ki te reskonsab travay nan Tanp lan. Chak prèt ak chak moun Levi te gen jou pa yo David te ba yo pou yo te pran sèvis pou boule nèt ofrann pou Seyè a, dapre lalwa Moyiz la. Se yo menm tou ki te reskonsab voye chante kè kontan jan David te moutre l' la.

2 Chronicles 30:23Apre sa, tout pèp la tonbe dakò pou yo pase sèt lòt jou ankò ap fè fèt. Se konsa, yo fete pou sèt lòt jou ankò ak kè kontan.

Ezra 6:16Lè sa a, tout pèp Izrayèl la, prèt yo, moun Levi yo ak tout rès moun ki te tounen yo fè fèt, yo fè gwo seremoni pou mete tanp lan apa pou sèvis Bondye.

Psalms 32:11Nou tout k'ap viv jan Bondye vle l' la, fè kè nou kontan, chante pou sa Seyè a fè pou nou. Nou tout k'ap mache dwat devan Bondye, rele, fè wè jan nou kontan.

Psalms 95:1Vini non, ann fè kè nou kontan, ann chante pou Seyè a! Ann fè fèt pou moun k'ap pwoteje nou an, pou moun k'ap delivre nou an!

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Chronicles 29:30

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Chronicles 29:292 Chronicles 292 Chronicles 29:31 →