Ezra 7:19
W'a pran tout veso yo te renmèt ou nan men pou sèvi nan tanp Bondye ou la, w'a mete yo nan tanp lan lavil Jerizalèm, devan lotèl Bondye ou la.
Bib La
In The King James Version
In Context
20Si gen lòt bagay ou bezwen ankò pou tanp Bondye ou la, ou mèt pran nan kès wa a pou achte yo.
Cross References
Ezra 8:27ak vin bòl an lò ki te peze desanswasanndis (0270) ons. Te gen de bèl bòl an kwiv dore ki te gen menm valè ak bòl an lò yo.
Jeremiah 3:17Lè sa a, y'a rele Jerizalèm Fotèy Seyè a. Lèfini tout nasyon yo va vin sanble la pou fè sèvis pou Seyè a. Y'a sispann swiv move lide ki t'ap fè yo kenbe tèt ak mwen an.