Ezra 8:16
Lè sa a, mwen fè chache nèf chèf sa yo: Elyezè, Aryèl, Chemaja, Elnatan, Jarib, Elnatan, Natan, Zakaraya ak Mechoulam ansanm ak direktè sa yo: Jojarib ak Elnatan, de moun ki konn esplike lalwa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 3:11Li di l' konsa: -Monchè, ou pa mande m' pou ou viv lontan, ou pa mande m' richès, ni ou pa mande m' lanmò pou lènmi ou yo, men ou mande m' yon lespri veyatif pou ou ka gouvènen san patipri.
1 Chronicles 26:14Chelemya soti pou pòtay ki bay sou solèy leve a. Pòtay nò a soti pou Zakari, pitit gason l' lan, ki te konn bay moun bon konsèy.
Ezra 8:13Pou branch fanmi Adonikam an, se te Elifelèt, Jeyèl ak Chemaja. Yo te gen swasant gason avèk yo. Moun sa yo te vin apre.
Ezra 10:21Nan branch fanmi Arim lan, te gen Maseja, Elija, Chemaja, Jeyèl ak Ouzya.
Proverbs 2:6Se Seyè a ki bay konesans. Pawòl ki soti nan bouch li bay lespri ak konprann.
Proverbs 28:2Lè nan yon peyi moun ap fè sa ki mal, chak jou gen yon lòt chèf. Men avèk yon moun ki gen konprann, ki konnen sa l'ap fè, gouvènman an ap kanpe pou lontan.