Ezra 8:17
Mwen voye yo bò kote Ido, chèf kominote Kasifya a. Mwen esplike yo tou sa pou yo di Ido ak kòlèg li yo ki konn tout travay pou fèt nan tanp lan, epi ki t'ap viv ansanm nan kominote Kasifya a, pou yo ka fè nou jwenn kèk gason pou travay nan tanp Bondye nou an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 4:15W'a pale avè l', w'a di l' sa pou l' di. m'a ede nou tou de lè n'a gen pou nou pale. m'a di nou sa pou nou fè.
Numbers 18:6Se mwen menm ki te pran fanmi ou yo, moun Levi yo, ki te chwazi yo nan mitan tout moun pèp Izrayèl yo, mwen mete yo apa pou mwen. Se mwen ki ba ou yo pou yo ka travay nan Tant Randevou a.
2 Samuel 14:3Lèfini, ou pral bò kote wa a, w'a di l' tou sa m'a di ou di li. Apre sa, Joab fè bouch li.
1 Chronicles 23:3Li fè konte tout moun Levi yo, depi sa ki gen trantan pou pi piti rive sou sa ki pi gran yo. Antou yo jwenn trantwimil (038.000) gason.
Ezra 2:43Men lis moun yo te bay pou travay nan tanp Bondye a epi ki te tounen nan peyi a: moun fanmi Sika, moun fanmi Asoufa ak moun fanmi Tabayòt,
Ezra 7:7Anpil lòt moun nan pèp Izrayèl la, nan prèt yo, nan moun Levi yo, nan sanba yo, nan gad tanp yo ak lòt travayè yo, te pran wout la moute lavil Jerizalèm ansanm ak li. Lè sa a, wa Atagzèsès te nan setyèm lanne rèy li.