Ezra 9:8
Men koulye a, depi kèk jou, Seyè a, Bondye nou an, te fè nou yon favè. Li sove de twa nan nou, li ban nou yon kote pou nou jwenn pwoteksyon nan kay ki apa pou li a. Se konsa li ban nou kouraj ankò, li wete nou nan kalite esklavaj kote nou te ye a, li ban nou yon ti souf.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 14:27Men, Jonatan pa t' konnen papa l' te bay pèp la prigad sa a. Sa li fè, li lonje baton ki te nan men l' lan, li tranpe bout baton an nan yon gato myèl, epi li mete l' nan bouch li. Lamenm, li santi li vin gen fòs ankò.
2 Kings 19:4Wa peyi Lasiri a te voye chèf gad palè li a manke Bondye vivan an dega. Se pou Seyè a, Bondye ou la, tande tout jouman sa yo. Se pou l' peni moun ki di pawòl sa yo. Ou menm, lapriyè pou rès moun pèp nou an ki vivan toujou.
Ezra 9:9Paske se esklav nou ye jouk jòdi a. Men menm nan esklavaj sa a, Bondye pa lage nou. Li fè wa peyi Pès yo aji byen ak nou. Yo ban nou yon ti souf, pou nou te ka rebati tanp Bondye nou an ki te fin kraze nèt. Yo ban nou yon kote pou nou jwenn pwoteksyon nan peyi Jida ak lavil Jerizalèm.
Nehemiah 1:11Aa! Seyè, panche zòrèy ou pou tande lapriyè mwen menm, sèvitè ou, m'ap fè nan pye ou, lapriyè tout sèvitè ou yo ki pran plezi nan gen krentif pou ou. Tanpri, Seyè, fè tout bagay mache byen pou mwen jòdi a. Fè wa a resevwa m' byen. Lè sa a, mwen te chèf kanbiz wa a.
Job 33:30pou l' pa kite yo mouri, pou l' ba yo lavi ak kè kontan.
Psalms 13:4(013:5) Konsa, moun k'ap pèsekite m' yo p'ap ka di: Nou fini avè l'! Yo p'ap gen chans wè m' tonbe pou yo kontan!