Romans 6:18
Nou delivre anba peche. Koulye a se esklav sa ki byen nou ye.
Bib La
In The King James Version
Being then made free from sin, ye became the servants of righteousness.
In Context
Cross References
Psalms 119:32M'ap prese obeyi kòmandman ou yo lè ou louvri lespri mwen.
Isaiah 26:13Seyè, Bondye nou an, gen lòt chèf ki t'ap dirije nou. Men, se ou menm sèl ki mèt nou, se ou menm sèl n'ap sèvi!
Luke 1:74Li te di l' konsa: Lè la fin delivre nou anba lènmi nou yo, la fè nou sèvi l' san nou p'ap bezwen pè.
John 8:36Si Pitit Bondye a ban nou libète, n'a lib tout bon.
Romans 6:14Peche pa dwe donminen sou nou, paske nou pa anba pouvwa lalwa Moyiz la ankò, se anba favè Bondye a nou ye.
Romans 6:22Men, koulye a nou delivre anba peche a, nou se esklav Bondye, se sak fè n'ap viv apa pou Bondye; epi bout pou bout n'a resevwa lavi ki p'ap janm fini an.