Genesis 1:24
Bondye di ankò. Se pou tè a kale tout kalite bèt vivan, bèt yo gade, bèt ki trennen sou vant, bèt nan bwa. Se konsa sa te pase.
Bib La
In The King James Version
In Context
23Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te senkyèm jou a.
Cross References
Genesis 7:14ansanm ak tout kalite bèt domestik, tout kalite bèt ki trennen sou vant ak tout kalite zwazo, tout kalite ti zwazo, tout kalite bèt ki gen zèl.
Job 38:39Eske se ou ki jwenn manje pou bay lyon yo manje? Eske ou bay ti lyon yo manje plen vant yo,
Job 39:5Ki moun ki bay bourik mawon libète yo? Ki moun ki lage yo nan savann?
Job 39:19Eske se ou menm ki bay chwal yo fòs, ki mete bèl krenyen sou kou yo?
Psalms 50:9Mwen pa mande ou ti towo bèf ki nan sèka ou, ni bouk kabrit ki nan jaden ou.
Psalms 104:23Moun soti pou y' al travay, wi, pou y' al travay jouk solèy kouche.