Genesis 13:7
Se konsa, te vin gen yon kabouyay ant gadò mouton Abram yo ak gadò mouton Lòt yo. Lè sa a, se moun Kanaran yo ak moun Ferezi yo ki te rete nan peyi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Peyi a te vin twò piti pou yo de a rete ansanm, paske yo te gen twòp zannimo pou bay manje.
Cross References
Genesis 10:19Lizyè tè moun Kanaran yo pati depi lavil Sidon, li mete tèt sou Gera jouk li rive Gaza. Apre sa, li vire sou Sodòm ak Gomò, Adma ak Seboyim jouk li rive Lecha.
Genesis 15:18Se jou sa a Seyè a te pase kontra avèk Abram. Li di l' konsa M'ap bay pitit pitit ou yo tout peyi sa a, depi larivyè Lejip, rive jouk larivyè Lefrat la.
Genesis 26:20Men, gadò mouton peyi Gera yo leve yon sèl kont avèk gadò mouton Izarak yo. Yo t'ap di: -Dlo sa a, se pou nou li ye. Se konsa Izarak rele pi a Pi dezagreman paske yo te chache l' dezagreman pou dlo a.
Exodus 2:17Men, kèk lòt gadò mouton vin rive, yo kouri dèyè medam yo. Moyiz leve, li pran defans yo, epi li bay mouton medam yo bwè.
Mark 3:25Si gen divizyon nan yon fanmi, fanmi sa a pa la pou lontan.
Galatians 5:20Se sèvi zidòl, se fè maji, se yonn fè lòt lènmi, se fè kont, fè jalouzi, fè kòlè, se yonn pa vle wè lòt, se fè ti pil gwo pil.