Genesis 14:11
Kat wa yo pran tout sa yo jwenn nan Sodòm ak Gomò, ata pwovizyon manje, epi y al fè wout yo.
Bib La
In The King James Version
And they took all the goods of Sodom and Gomorrah, and all their victuals, and went their way.
In Context
Cross References
Genesis 14:16Li reprann tout byen yo te pran yo, li mennen Lòt, neve li a, tounen lakay li ansanm ak tout byen l' yo, tout medam yo ak tout pèp la.
Deuteronomy 28:31Y'a touye bèf nou yo la devan je nou, men nou p'ap ka mete yon ti moso nan vyann li nan bouch nou. Y'ap pran bourik nou nan bab nou al avè l', yo p'ap janm renmèt nou li. Y'a bay lènmi nou yo tout mouton nou yo, epi p'ap gen pesonn pou pote nou sekou.
Deuteronomy 28:51Y'a manje pwofi bèt nou yo, ak rekòt jaden nou yo jouk y'a kite nou mouri grangou. Yo p'ap kite anyen pou nou, ni farin, ni diven, ni lwil, ni pòte bèf nou yo ni pòte mouton nou yo, jouk y'a fini nèt ak nou.