Genesis 14:12
Yo pase men yo yo pran Lòt, pitit frè Abram lan, ansanm ak tout byen l' yo, paske se Sodòm Lòt te rete.
Bib La
In The King James Version
And they took Lot, Abram’s brother’s son, who dwelt in Sodom, and his goods, and departed.
In Context
11Kat wa yo pran tout sa yo jwenn nan Sodòm ak Gomò, ata pwovizyon manje, epi y al fè wout yo.
Cross References
Genesis 11:31Terak pran pitit li, Abram, pitit pitit li, Lòt, ki te pitit Aran, ansanm ak bèlfi li Sarayi ki te madanm Abram, pitit li. Li pati ak yo, li kite lavil Our nan peyi Kalde pou li ale nan peyi Kanaran. Men lè yo rive lavil Karan, yo te rete la.
Genesis 13:12Abram rete nan peyi Kanaran. Lòt menm al moute kay li nan mitan lavil yo ki te nan plenn lan. Li moute kay li bò lavil Sodòm.
Job 9:23Si yon malè konmanse ap simen lanmò, inonsan te mèt ap rele, Bondye ri sa.
1 Timothy 6:9Men, moun ki vle vin rich, yo tonbe nan tantasyon. Yo kite yon bann move lanvi san sans pran yo nan pèlen. Se lanvi sa yo k'ap fè moun pèdi tou sa yo genyen, k'ap fini nèt ak yo.
Revelation 18:4Apre sa, mwen tande yon lòt vwa ki t'ap soti nan sièl la, li t'ap di: Nou menm pèp mwen, wete kò nou nan mitan lavil sa a, pou nou pa patisipe nan peche l' yo, pou nou pa tonbe ansanm avè l' anba kalamite ki pral frape li yo.