Genesis 14:17
Apre Abram te fin kraze Kedòlaòmè ansanm ak tout lòt wa ki te fè tèt ansanm ak Kedòlaòmè yo, li t'ap tounen lakay li. Wa Sodòm lan vin rankontre l' nan Fon Chave a ki rele Fon Wa a tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 18:6Sòlda yo t'ap tounen lakay yo. Lè sa a, David te fin touye sòlda Filisti a, li t'ap tounen lakay li tou. Yon bann medam soti nan tout lavil peyi Izrayèl la vin kontre wa Sayil. Yo t'ap chante, yo t'ap danse, yo t'ap jwe tanbouren, yo t'ap bat ògàn, yo t'ap chante pou fè kè moun kontan.
Proverbs 14:20Lè ou pòv, ou pa gen zanmi. Lè ou rich, ou plen zanmi.
Hebrews 7:1Mèlkisedèk sa a, se te wa peyi Salèm, yon prèt ki t'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Lè Abraram t'ap tounen lakay li, apre li te fin kraze kèk wa nan yon batay, Mèlkisedèk vin kontre l', li ba l' benediksyon.