Genesis 14:7
Apre sa, yo kase tèt tounen, yo rive bò Sous jijman an, yo bat tout chèf moun Amelèk yo, yo pran tout bèt yo. Yo bat moun Amori yo tout ki rete Azazon-Tama, yo bat yo byen bat.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Yo bat orit yo sou mòn Seyi, jouk bò kote pye bwadchenn Paran an, ki toupre dezè a.
Cross References
Genesis 16:14Se poutèt sa, yo rele pi dlo ki ant Kadès ak Barèd la: Pi moun vivan ki wè m' lan.
Genesis 36:12Elifaz, pitit Ezaou a, te gen yon fanm kay yo te rele Timna. Se li ki manman Amalèk. Sa yo se tout pitit pitit gason Ada, madanm Ezaou.
Exodus 17:8Antan pèp Izrayèl la Refidim, moun Amalèk yo vin pou goumen ak yo.
Numbers 14:43Lè n'a rive devan moun Amalèk yo ak moun Kanaran yo, nou pral mouri nan batay la. Seyè a p'ap kanpe la avèk nou, paske nou te vire do ba li.
Numbers 20:1Sou premye mwa a, tout moun pèp Izrayèl yo te rive nan dezè Zin lan, epi yo moute tant yo yon kote yo rele Kadès. Se la Miryam mouri, se la menm yo antere l'.
Deuteronomy 1:19Apre sa, nou leve, nou kite mòn Orèb la. Jan Seyè a, Bondye nou an, te ban nou lòd la, nou mache nan tout gwo dezè ki gen anpil danje ladan l' lan, dezè nou te wè a, nou pran chemen pou n' al nan mòn peyi Amori yo, epi nou rive Kadès Banea.