Numbers 14:43
Lè n'a rive devan moun Amalèk yo ak moun Kanaran yo, nou pral mouri nan batay la. Seyè a p'ap kanpe la avèk nou, paske nou te vire do ba li.
Bib La
In The King James Version
In Context
42Piga nou moute. Seyè a vire do ban nou, nou pa bezwen ale fè lènmi nou yo bat nou pou gremesi.
Cross References
Numbers 13:29Moun Amalèk yo rete nan sid peyi a, nan zòn Negèv la. Moun It yo, moun Jebis yo ak moun Amon yo rete nan mòn yo. Moun Kanaran yo rete bò lanmè Mediterane a ak bò larivyè Jouden an.
Deuteronomy 28:25L'a fè lènmi nou yo bat nou. N'a pran yon sèl chemen ansanm pou n' atake yo. Men, n'a gaye toupatou lè n'a pran rak devan yo. Tout moun sou latè pral mete men nan tèt lè y'a wè sa ki rive nou.
Joshua 22:15Se konsa, mesye sa yo rive bò moun Woubenn yo, moun Gad yo ak mwatye moun Manase yo nan peyi Galarad, epi yo di yo:
1 Chronicles 28:9Ou menm, Salomon, pitit mwen, se pou ou rekonèt Bondye papa ou la. Se pou ou sèvi l' ak tout kè ou, avèk bon santiman, paske Seyè a sonde kè tout moun, li konnen tou sa k'ap pase nan tèt yo. Konsa, si ou chache l', l'ap kite ou jwenn li. Men, si ou vire do ba li, l'ap lage ou nèt tou pou tout tan.
Psalms 44:10(044:11) Ou fè nou kouri devan lènmi nou yo. Moun ki pa vle wè nou yo ap piye nou alèz.
Hosea 9:12Menm si yo rive fè pitit, mwen p'ap kite yo fin grandi. Lè m' vire do ba yo, malè ap rive yo.