Genesis 15:9
Seyè a di l'. Pran yon ti gazèl bèf twazan, yon fenmèl kabrit twazan, yon belye twazan, yon toutrèl ak yon jenn pijon.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Abram di. Seyè, Bondye, kijan pou m' fè konnen peyi sa a pou mwen vre?
Cross References
Genesis 22:13Abraram voye je l', li wè yon belye mouton ki te gen kòn li yo makònen nan yon lyann. li ale, li pran mouton an, li touye l', li boule li nèt sou lotèl la pou Bondye nan plas pitit li a.
Leviticus 1:10Si se yon ti bèt moun lan vle ofri pou boule nèt pou Seyè a, l'a ofri yon ti bouk kabrit osinon yon belye mouton ki pa gen ankenn enfimite.
Leviticus 3:1Lè yon moun vle ofri bèt pou di Bondye mèsi, si se yon gwo bèt l'ap ofri, l'a bay yon towo bèf osinon yon vach ki pa gen ankenn enfimite.
Leviticus 9:2Epi li di Arawon konsa: -Pran yon jenn ti towo san ankenn enfimite ki pou sèvi ofrann pou peye pou sa nou fè ki mal, ak yon belye mouton san ankenn enfimite ki pou sèvi ofrann pou nou boule nèt pou Seyè a. Ofri yo bay Seyè a.
Leviticus 12:8Si fanm lan pa gen mwayen pou l' pote yon ti mouton, lè sa a l'a pote de pijon osinon de toutrèl, yonn pou yo boule nèt pou Bondye, lòt la pou yo ofri pou mande padon. Prèt la va ofri yo bay Seyè a pou l' mande padon pou li. Se konsa fanm lan va fè sèvis pou l' ka nan kondisyon sèvi Bondye ankò.
Leviticus 14:30Apre sa, l'a ofri toutrèl yo, osinon pijon yo, dapre sa mwayen moun lan te penmèt li,