Leviticus 3:1
Lè yon moun vle ofri bèt pou di Bondye mèsi, si se yon gwo bèt l'ap ofri, l'a bay yon towo bèf osinon yon vach ki pa gen ankenn enfimite.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 24:5Apre sa, li pran kèk jenn gason nan moun Izrayèl yo, li voye yo al ofri bèt pou touye bay Seyè a: yo ofri bèt yo te boule nèt pou Seyè a. Yo touye kèk towo bèf pou di Seyè a mèsi.
Leviticus 1:3Si se yon gwo bèt li vle ofri pou yo boule pou Seyè a, l'a mennen yon towo bèf ki pa gen ankenn enfimite. L'a vin avè l' jouk devan pòt Tant Randevou a pou Seyè a ka asepte l'.
Leviticus 7:11Men regleman pou yo swiv lè yon moun ap fè ofrann bay Bondye pou di l' mèsi:
Leviticus 17:5Sa vle di: Depi koulye a moun pèp Izrayèl yo gen pou mennen devan Seyè a tout bèt yo te konn touye nan jaden. Se pou yo mennen yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a. Se la y'a touye yo, menm jan yo touye bèt y'ap ofri pou di Bondye mèsi.
Leviticus 22:21Lè yon moun ap fè ofrann pou di Bondye mèsi, kit se paske li te fè yon ve, kit se paske li menm li vle fè ofrann lan, se pou bèt l'ap ofri a, li te mèt gwo bèt, li te mèt ti bèt, pa gen ankenn enfimite, si li vle pou m' asepte l'.
Numbers 7:17de towo, senk belye, senk bouk, senk ti mouton ki poko gen ennan pou ofrann pou di Bondye mèsi. Se ofrann sa a Nakchon, pitit gason Anminadab la, te ofri bay Seyè a.