Genesis 16:6
Abram reponn Sarayi, li di l'. Sèvant ou pou ou. Li sou zòd ou. Ou gen dwa fè sa ou vle avè l'. Se konsa, Sarayi pran maltrete Aga sitèlman, Aga blije sove kite kay la pou li.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Zanj Seyè a kontre Aga bò yon sous dlo nan dezè a sou wout ki mennen nan peyi Chour la.
Cross References
Genesis 24:10Domestik la pran dis chamo nan chamo mèt li yo. Li pran yon kantite bèl bagay ki koute chè, li chaje chamo yo. Li leve, li pati, li ale lavil kote Nakò rete a nan peyi Mezopotami.
Job 2:6Seyè a di Satan konsa: -Ou mèt fè sa ou vle avè l'. Men, pa touye l' pou mwen.
Proverbs 14:29Moun ki pa fè kòlè fasil, se moun ki gen bon konprann. Men, moun ki gen san wo fè wè jan li sòt.
Proverbs 15:17Pito ou manje mayi moulen blanch ak moun ki renmen ou pase pou ou manje vyann ou byen gra ak moun ki rayi ou.
Proverbs 29:19Pale anpil p'ap korije esklav. Menm lè li konprann, se pa sa k'ap fè l' obeyi.
Jeremiah 38:5Wa Sedesyas reponn: -Bon! Fè sa nou vle avè l'. Mwen pa ka di nou anyen.