Job 2:6
Seyè a di Satan konsa: -Ou mèt fè sa ou vle avè l'. Men, pa touye l' pou mwen.
Bib La
In The King James Version
And the LORD said unto Satan, Behold, he is in thine hand; but save his life.
In Context
Cross References
2 Chronicles 18:21Seyè a mande l': Ki jan? Lespri a reponn: Mwen pral mete pawòl manti nan bouch pwofèt Akab yo. Seyè a di l': W'a pran tèt li vre konsa. Ou mèt al fè jan ou di a.
Job 1:12Seyè a di Satan: -Bon! Ou mèt fè sa ou vle ak byen l' yo. Men, m' tou pale ou, li menm, pa manyen l'! Se konsa Satan vire do l', li ale.
Psalms 65:7(065:8) Ou kase lanmè a lè l' move. Ou fè lanm lanmè yo sispann fè bri. Ou fè pèp yo rete trankil lè yo move.
Luke 12:23Lavi pi konsekan pase manje, kò pi konsekan pase rad.
1 Corinthians 10:13Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p'ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, la ban nou fòs pou nou ka sipòte l', pou nou ka soti anba li.
Revelation 20:1Apre sa, mwen wè yon zanj desann soti nan sièl la. Li te kenbe kle gwo twou san fon an nan men l' ansanm ak yon gwo chenn.