Genesis 17:10
Men sa pou ou menm ansanm ak tout pitit ou yo pou nou dakò fè: se pou tout gason nan mitan nou sikonsi.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 17:23Jou sa a Abraram pran Izmayèl, pitit gason li an, ak tout gason ki t'ap travay lakay li, kit yo te fèt nan kay la, kit se moun lòt nasyon li te pran pou sèvi l', li sikonsi yo tout menm jou a, jan Bondye te pase l' lòd la.
Genesis 21:4Ti gason an te gen wit jou lè Abraram sikonsi l', jan Bondye te ba li lòd la.
Genesis 34:22Mesye sa yo dakò pou yo rete ansanm ak nou, pou nou fè yon sèl pèp. Men yo pase yon kondisyon: se pou tout gason nan mitan nou sikonsi, menm jan yo menm yo sikonsi a.
Exodus 12:48Si gen yon moun lòt nasyon ki rete nan peyi a epi ki ta vle fete fèt Delivrans lan pou Seyè a, men sa pou nou fè: Sè pou nou sikonsi tout gason lakay li anvan. Apre sa, l'a gen dwa fete fèt Delivrans lan. y'a konsidere l' tankou moun natif natal pèp Izrayèl la. Si yon gason pa sikonsi, li pa ka patisipe nan fèt la.
Deuteronomy 30:6Seyè a, Bondye nou an, va mete mak kontra li a sou kè nou ak sou kè pitit nou yo, pou nou ka renmen l' ak tout kè nou, ak tout nanm nou, pou nou ka gen lavi.
Joshua 5:4Li te fè sa paske tout gason ki te gen laj pou yo pote zam lè yo te soti kite peyi Lejip la te mouri nan dezè a pandan yo t'ap vwayaje a.