Genesis 21:4
Ti gason an te gen wit jou lè Abraram sikonsi l', jan Bondye te ba li lòd la.
Bib La
In The King James Version
And Abraham circumcised his son Isaac being eight days old, as God had commanded him.
In Context
3Abraram rele pitit gason Sara te fè pou li a Izarak.
5Abraram te gen santan sou tèt li lè Izarak, pitit li a, te fèt.
Cross References
Genesis 17:10Men sa pou ou menm ansanm ak tout pitit ou yo pou nou dakò fè: se pou tout gason nan mitan nou sikonsi.
Exodus 12:48Si gen yon moun lòt nasyon ki rete nan peyi a epi ki ta vle fete fèt Delivrans lan pou Seyè a, men sa pou nou fè: Sè pou nou sikonsi tout gason lakay li anvan. Apre sa, l'a gen dwa fete fèt Delivrans lan. y'a konsidere l' tankou moun natif natal pèp Izrayèl la. Si yon gason pa sikonsi, li pa ka patisipe nan fèt la.
Deuteronomy 12:32Se pou nou toujou fè tou sa mwen mande nou fè la a, san nou pa ni mete ni wete anyen ladan yo.
Luke 1:59Sou wit jou, yo te vin pou sikonsi pitit la; yo te vle rele l' Zakari, menm non ak papa li.
John 7:22Moyiz ban nou lòd pou nou sikonsi tout ti gason, epi nou dakò pou yo sikonsi yon moun gwo jou repo a. (Men, kite m' di nou: se pa t' Moyiz ki te kòmanse ak sikonsizyon an non, se te zansèt nou yo.)