Genesis 17:13
Wi, se pou yo tout yo sikonsi, kit yo fèt lakay ou, kit yo fèt nan peyi etranje. Se va yon mak nan kò nou pou fè wè kontra mwen pase avèk nou an, se yon kontra ki la pou tout tan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 9:16Lè lakansyèl la va parèt nan syèl la, m'a wè l', m'a chonje kontra mwen te pase pou tout tan ak tout moun ansanm ak tout kalite bèt k'ap viv sou latè.
Genesis 15:3Abram di ankò. Gade! Ou pa ban m' pitit. Se yonn nan domestik mwen yo ki pral eritye m'.
Genesis 37:36Pandan tout tan sa a, moun Madyan yo te gen tan vann Jozèf nan peyi Lejip ak Potifa, yonn nan chèf lame farawon an. Se li menm ki te kòmandan gad palè yo.
Exodus 12:44Domestik nou achte pou sèvis lakay nou, lè nou fin sikonsi yo, yo mèt patisipe.
Exodus 21:4Si se mèt li ki te ba li madanm, epi madanm lan te fè pitit pou li, ni pitit yo, ni manman lan va rete pou mèt la. Msye va al fè wout li pou kont li.
Leviticus 22:11Men, esklav yon prèt, kit se achte li te achte l', kit li te fèt lakay li, gen dwa manje nan manje prèt la resevwa a.