Genesis 17:14
Si yon gason pa sikonsi, se pou yo disparèt li nan ras la, paske li pa t' kenbe kontra mwen fè ak nou an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 4:24Pandan vwayaj la, Moyiz rete pase lannwit yon kote. Seyè a vin atake Moyiz. Li t'ap chache touye l'.
Exodus 12:19Pandan sèt jou sa yo, p'ap gen ledven lakay nou paske nenpòt moun ki va gen malè manje pen ki gen ledven, yo gen pou yo disparèt li nan mitan pèp Izrayèl la, kit se yon etranje, kit se yonn nan nou.
Exodus 30:38Si yon moun fè yon konpozisyon menm jan an pou sèvi l' odè, se pou yo disparèt li nan mitan pèp la.
Leviticus 7:25Lè yon moun manje grès yon zannimo yo te ofri pou boule pou Seyè a, se pou yo mete l' deyò nèt nan mitan pèp Bondye a.
Leviticus 18:29Depi yon moun fè yonn nan bagay sal sa yo, y'ap wete l' nan mitan pèp Bondye a.
Numbers 15:30Men, lè yon moun fè yon bagay li konnen byen pwòp li pa t' dwe fè, kit se yon moun pèp Izrayèl la menm li ye, kit se yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo a, se pase l'ap pase Seyè a nan betiz. Se pou yo wete moun sa a nan mitan pèp la.