Genesis 18:27
Abraram pale ankò, li di. Eskize m' wi! Seyè, si m' penmèt mwen pale ankò. Se moun ase mwen ye, mwen pa gen dwa di ou anyen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 3:19Se swe kouraj ou ki pou fè ou mete yon moso pen nan bouch ou jouk lè wa tounen nan tè kote ou soti a. Paske, se pousyè ou ye, ou gen pou tounen pousyè ankò.
Exodus 32:11Moyiz kriye nan pye Seyè a, Bondye l' a, li di l': -Seyè, poukisa pou ou ta koute kòlè ou pou ou fache sou pèp ki pou ou a, pèp ou menm menm te fè moute soti kite Lejip avèk gwo pouvwa ou, avèk fòs ponyèt ou?
Job 4:19Ale wè atò pou moun ki fèt ak labou, pou moun ki soti nan pousyè tè, pou moun yo kapab kraze tankou poudbwa!
Job 42:6Se konsa, mwen wete tou sa mwen te di. Mwen kouche sou sann ak nan pousyè, m'ap mande padon.
Psalms 144:3Seyè, kisa moun ye pou w'ap fè tèt ou travay pou yo konsa? Kisa yo ye menm pou ou pran ka yo?
Isaiah 6:5Mwen di: -Nanpwen sove pou mwen! Jòdi a m'ap mouri vre! Paske tout pawòl ki soti nan bouch mwen se move pawòl. Epi m'ap viv nan mitan yon pèp ki pa janm gen bon pawòl nan bouch li. Lèfini, mwen wè Wa a, Seyè ki gen tout pouvwa a, avèk pwòp je m'.