Genesis 18:30
Abraram di. Tanpri, Seyè, pa fache sou mwen non. M'ap di ou yon ti mo ankò. Ou pa janm konnen, ou ka jwenn trant inonsan ase nan lavil la. Seyè a reponn. Si mwen jwenn trant, m'ap fè pa lavil la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 6:39Lèfini, Jedeyon di Bondye ankò: -Tanpri, pa fache sou mwen non! Kite m' di ou yon dènye bagay. Kite m' fè esperyans moso lenn lan yon lòt fwa ankò. Men, fwa sa a se pou moso lenn lan rete chèch, epi pou lawouze sou tout glasi a.
Job 40:4-Mwen pa t' konn sa m' t'ap di. Kisa pou m' reponn ou? Se fèmen pou m' fèmen bouch mwen.
Psalms 10:17Seyè, w'a koute moun ki soumèt devan ou lè y'ap lapriyè. W'a ba yo kouraj.
Isaiah 6:5Mwen di: -Nanpwen sove pou mwen! Jòdi a m'ap mouri vre! Paske tout pawòl ki soti nan bouch mwen se move pawòl. Epi m'ap viv nan mitan yon pèp ki pa janm gen bon pawòl nan bouch li. Lèfini, mwen wè Wa a, Seyè ki gen tout pouvwa a, avèk pwòp je m'.
Hebrews 12:28Peyi wa nou resevwa pou eritaj la pa ka brannen. Se pou nou di mèsi pou sa. Ann fè wè nou pa bliye sa li fè pou nou. Ann sèvi Bondye yon jan ki pou fè l' plezi, avèk respè, avèk krentif.