Hebrews 12:28
Peyi wa nou resevwa pou eritaj la pa ka brannen. Se pou nou di mèsi pou sa. Ann fè wè nou pa bliye sa li fè pou nou. Ann sèvi Bondye yon jan ki pou fè l' plezi, avèk respè, avèk krentif.
Bib La
In The King James Version
In Context
29Paske Bondye nou an se tankou yon dife k'ap detwi tout bagay.
Cross References
Psalms 2:11Sèvi Seyè a avèk krentif, tranble nan tout kò nou,
Psalms 89:7(089:8) Tout moun k'ap sèvi ou yo respekte ou. Tout moun ki bò kote ou yo pè ou.
Isaiah 9:7Gouvènman li p'ap gen finisman. Nan peyi l'ap gouvènen an se va kè poze san rete. L'ap chita sou fotèy wa David la. L'ap gouvènen peyi wa David la. L'ap fè gouvènman an byen chita, l'ap ba li bon pye paske l'ap fè sa ki dwat. Li p'ap nan patipri, depi koulye a jouk sa kaba. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki soti pou fè tou sa rive vre!
Daniel 2:44Nan rèy dènye chèf sa yo, Bondye nan syèl la pral fè yon lòt chèf parèt, l'ap pran gouvènman an nan men yo pou tout tan. Li p'ap janm pase yon lòt li. Men, l'ap kraze tout lòt pèp yo, l'ap detwi yo. Li menm l'ap kanpe la pou tout tan.
Daniel 7:27Y'ap pran pouvwa, otorite ak gouvènman tout gwo peyi ki sou latè yo, y'ap bay pèp k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Pèp sa a ap gouvènen tankou yon wa pou tout tan. Tout chèf sou latè pral sèvi li, y'ap obeyi li.
Luke 1:33La gouvènen pèp Izrayèl la pou tout tan, gouvènman l' lan p'ap janm fini.