Genesis 19:15
Kou jou pral kase, zanj Bondye yo leve Lòt pou l' fè vit. Yo di l'. Fè vit non, monchè! Pran madanm ou ak de pitit fi ou yo, met deyò. Si se pa sa, n'ap mouri tout lè Bondye ap pini lavil la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 19:22Kouri vit ale. Mwen p'ap ka fè anyen toutotan ou poko rive la. Se poutèt sa yo rele ti bouk la Zoa.
Proverbs 6:4Pa dòmi sou sa. Pa kite sa trennen.
2 Corinthians 6:2Paske, nan Liv la Bondye te di: Mwen te koute ou, lè lè a te rive pou m' te fè ou gras la. Mwen te pote ou sekou, lè jou a te rive pou m' te delivre ou la. Enben, koulye a, men lè a rive pou n' resevwa favè Bondye a; se jòdi a menm nou ka jwenn delivrans.
Revelation 18:4Apre sa, mwen tande yon lòt vwa ki t'ap soti nan sièl la, li t'ap di: Nou menm pèp mwen, wete kò nou nan mitan lavil sa a, pou nou pa patisipe nan peche l' yo, pou nou pa tonbe ansanm avè l' anba kalamite ki pral frape li yo.