Genesis 2:19
Se konsa, Seyè a, Bondye a, pran pousyè tè, li fè tout kalite zannimo ki nan savann ak tout kalite zwazo k'ap vole nan syèl la. Lè l' fini, li mennen yo bay nonm lan pou wè ki non li tapral ba yo. Se non li te ba yo a ki rete pou yo nèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 1:20Bondye di ankò. Se pou dlo yo kale anpil anpil bèt vivan. Se pou zwazo vole nan syèl la anwo tè a. Se konsa sa te pase.
Genesis 1:25Bondye fè tout kalite bèt, bèt nan bwa, bèt yo gade, bèt ki trennen sou vant. Li gade sa l' te fè a, li wè l' bon.
Genesis 2:22Avèk zo kòt li te wete nan nonm lan, li fè yon fanm, li mennen l' ba li.
Genesis 9:2Se pou tout zannimo sou latè, tout zwazo ki nan syèl la, tout bèt vivan ki sou latè, tout pwason ki nan lanmè bese tèt devan nou. Se pou yo pè nou. Mwen ban nou pouvwa sou yo tout.