Genesis 9:2
Se pou tout zannimo sou latè, tout zwazo ki nan syèl la, tout bèt vivan ki sou latè, tout pwason ki nan lanmè bese tèt devan nou. Se pou yo pè nou. Mwen ban nou pouvwa sou yo tout.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Bondye beni Noe ak pitit li yo, li di yo. Fè pitit, fè anpil anpil pitit mete sou tè a.
Cross References
Genesis 1:26Bondye di ankò. Ann fè moun. N'ap fè l' pòtre ak nou, pou li sanble ak nou. La gen pouvwa sou pwason ki nan lanmè yo, sou zwazo ki nan syèl la, sou tout bèt yo gade, sou tout latè, sou tout bèt nan bwa, sou tout bèt ki trennen sou vant sou tè a.
Genesis 2:19Se konsa, Seyè a, Bondye a, pran pousyè tè, li fè tout kalite zannimo ki nan savann ak tout kalite zwazo k'ap vole nan syèl la. Lè l' fini, li mennen yo bay nonm lan pou wè ki non li tapral ba yo. Se non li te ba yo a ki rete pou yo nèt.
Leviticus 26:6M'a mete kè poze nan peyi a, n'a kouche dòmi san kè sote. M'ap fè tout bèt mawon disparèt nan peyi a, moun p'ap vin fè nou lagè ankò.
Job 5:22W'a pase ni malè ni grangou nan rizib. Ou p'ap pè bèt nan bwa.
Psalms 8:4(08:5) m'ap mande: -Kisa lèzòm ye pou ou chonje yo konsa? Kisa yo ye menm pou ou pran ka yo konsa?
Ezekiel 34:25M'ap pase ak yo yon kontra k'ap garanti yo kè poze, m'ap fè tout bèt nan bwa disparèt nan peyi a. Konsa mouton m' yo va rete san pwoblèm nan savann yo, y'a dòmi nan rakbwa yo.