Genesis 20:11
Abraram reponn li. Mwen te di nan kè m' pa gen moun ki gen krentif pou Bondye bò isit la. Mwen tè kwè yo ta ka touye m' poutèt madanm mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Abimelèk di Abraram ankò. Poukisa ou fè sa ou fè a?
12Men, se vre wi, se sè m' li ye. Nou menm papa, men nou pa menm manman. Epi se madanm mwen li ye tou.
Cross References
Genesis 12:12Lè gason nan peyi Lejip yo wè ou, yo pral di: Se madanm li wi! Epi y'a touye m' pou yo sa pran ou nan men m'.
Genesis 26:7Lè mesye ki te rete nan peyi a mande l' kisa madanm li ye pou li, li reponn yo se sè l' li ye, paske li te pè di se madanm li Rebeka te ye pou mesye yo pa t' touye l' pou yo te ka pran Rebeka ki te bèl anpil.
Nehemiah 5:15Gouvènè ki te la anvan m' yo te konn ap peze pèp la: chak jou yo te konn pran karant pyès an ajan pou pen ak diven. Ata moun ki t'ap travay avèk yo te konn ap peze pèp la tou. Men mwen menm, mwen pa t' fè sa, paske mwen te gen krentif Bondye.
Job 28:28Apre sa, Bondye di moun konsa: -Gen krentif pou Bondye, se sa ki rele bon konprann. Vire do bay sa ki mal, men sa ki rele gen lespri.
Psalms 36:1(036:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David, sèvitè Seyè a. (036:2) Peche a pale nan fon kè mechan an: li mete nan tèt li pa gen rezon pou gen krentif Bondye.
Proverbs 2:5Si ou fè tou sa, w'a konnen sa ki rele gen krentif pou Bondye. W'a resi konnen ki moun Bondye ye.