Genesis 21:1
Seyè a fè Sara favè, jan l' te di l' la. Li fè sa l' te pwomèt li a rive vre.
Bib La
In The King James Version
And the LORD visited Sarah as he had said, and the LORD did unto Sarah as he had spoken.
In Context
Cross References
Genesis 17:19Men Bondye di l'. Non, se Sara madanm ou, ki gen pou fè yon pitit gason pou ou. W'a rele l' Izarak. M'ap kenbe kontra mwen avèk li, ansanm ak pitit pitit li yo. Pa bliye. Se va yon kontra k'ap la pou tout tan.
Genesis 18:10Yonn nan vizitè yo di l'. Mwen gen pou m' tounen isit la, lè konsa lanne k'ap vini an. Lè sa a, Sara, madanm ou, ap gen tan gen yon pitit gason. Sara menm te kanpe nan papòt la dèyè Abraram, li t'ap koute.
Genesis 50:24Li di frè l' yo konsa: -Mwen pral mouri. Men mwen sèten Bondye gen pou vin ede nou. L'ap fè nou kite peyi sa a, l'ap fè nou tounen nan peyi li te sèmante l'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb la.
Exodus 4:31Pèp la vin kwè yo. Lè yo tande Seyè a te vin vizite yo, li te wè mizè y'ap pase a, yo tonbe ajenou, yo bese tèt yo jouk atè pou adore Bondye.
Ruth 1:6Antan Naomi te peyi Moab toujou, li vin pran nouvèl jan Seyè a te voye benediksyon sou pèp li a, jan li te fè yo fè bon rekòt. Menm lè a, li pare zafè l' pou l' kite peyi Moab ansanm ak de bèlfi li yo.
2 Kings 4:17Men, madanm lan vin ansent jan Elize te di l' la. Se konsa ennan apre, li fè yon pitit gason.