Genesis 21:2
Sara vin ansent. Atout li te fin vye granmoun lan, li fè yon pitit gason pou Abraram, nan dat Bondye te di l' la.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Seyè a fè Sara favè, jan l' te di l' la. Li fè sa l' te pwomèt li a rive vre.
3Abraram rele pitit gason Sara te fè pou li a Izarak.
Cross References
Genesis 17:19Men Bondye di l'. Non, se Sara madanm ou, ki gen pou fè yon pitit gason pou ou. W'a rele l' Izarak. M'ap kenbe kontra mwen avèk li, ansanm ak pitit pitit li yo. Pa bliye. Se va yon kontra k'ap la pou tout tan.
Genesis 18:10Yonn nan vizitè yo di l'. Mwen gen pou m' tounen isit la, lè konsa lanne k'ap vini an. Lè sa a, Sara, madanm ou, ap gen tan gen yon pitit gason. Sara menm te kanpe nan papòt la dèyè Abraram, li t'ap koute.
Joshua 24:3Lè sa a, mwen pran Abraram lòt bò larivyè Lefrat la, mwen fè l' travèse tout peyi Kanaran an. Mwen ba li anpil pitit pitit. Pou konmanse, mwen ba li Izarak.
Luke 1:24Kèk tan apre sa, Elizabèt, madanm li, vin ansent. Li fè senk mwa kache lakay; li t'ap di:
Acts 7:8Apre sa, Bondye pase yon kontra ak Abraram, li ba li sikonsizyon an pou sèvi mak kontra a. Se konsa Abraram te sikonsi Izarak, pitit gason l' lan, wit jou apre l' te fèt. Menm jan an tou, Izarak te sikonsi Jakòb, pitit li a. Jakòb menm sikonsi douz pitit li yo, zansèt douz branch fanmi pèp Izrayèl la.
Galatians 4:22Li di nou konsa: Abraram te gen de pitit gason, yonn avèk fanm ki te esklav la, yon lòt avèk fanm ki pa t' esklav la.