Genesis 21:10
Li di Abraram konsa: -Mete sèvant la deyò ansanm ak tout pitit li a, paske pitit sèvant sa a pa gen dwa eritye ak Izarak, pitit mwen an.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Pawòl sa a te fè Abraram lapenn anpil, paske Izmayèl te pitit li tou.
Cross References
Genesis 17:19Men Bondye di l'. Non, se Sara madanm ou, ki gen pou fè yon pitit gason pou ou. W'a rele l' Izarak. M'ap kenbe kontra mwen avèk li, ansanm ak pitit pitit li yo. Pa bliye. Se va yon kontra k'ap la pou tout tan.
Genesis 20:11Abraram reponn li. Mwen te di nan kè m' pa gen moun ki gen krentif pou Bondye bò isit la. Mwen tè kwè yo ta ka touye m' poutèt madanm mwen.
Genesis 25:6Men anvan l' mouri, li te bay pitit li te fè ak lòt fanm kay yo kèk kado. Apre sa, li fè yo pati, li voye yo byen lwen Izarak, pitit gason l' lan, li voye yo nan peyi kote solèy leve a.
Genesis 36:6Yon jou, Ezaou pran madanm li yo, pitit gason l' yo, pitit fi li yo, tout moun ki te lakay li, tout mouton l' yo, tout kabrit li yo ansanm ak tou sa li te genyen nan peyi Kanaran, li pati pou yon lòt peyi byen lwen Jakòb, frè li.
Matthew 8:11Mwen p'ap kache di nou sa: anpil moun va soti nan peyi solèy leve ak nan peyi solèy kouche, y'a vin chita sou tab ansanm ak Abraram, ak Izarak, ak Jakòb nan Peyi Wa ki nan syèl la.
John 8:35Yon esklav pa fè pati moun kay la pou tout tan. Men, yon pitit fè pati moun kay la pou tout tan.