Genesis 22:16
-Mwen sèmante sou tèt mwen. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen gen pou m' beni ou anpil poutèt sa ou fè a. Ou pa t' refize ban mwen pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Zanj Bondye a rete nan syèl la, li pale ak Abraram yon dezyèm fwa, li di l' konsa:
Cross References
Genesis 12:2M'ap ba ou anpil pitit pitit. Y'a tounen yon gwo nasyon. m'a beni ou. Y'a nonmen non ou toupatou; w'a sèvi yon benediksyon pou tout moun.
1 Chronicles 16:16Se kontra li te fè ak Abraram lan, sèman li te fè bay Izarak la.
Isaiah 45:23Mwen fè sèman sou tèt mwen, sa m'ap di la a se laverite klè. Pesonn p'ap ka demanti pawòl mwen yo. Tout moun pral vin ajenou devan mwen. Nan tout lang, y'ap pran non mwen pou yo fè sèman.
Jeremiah 49:13Se mwen menm, Seyè a, k'ap pale: Mwen fè sèman sou tèt mwen, m'ap fè lavil Bozra tounen yon dezè, yon pil vye mazi. Moun ap pase l' nan betiz, y'ap sèvi ak non l' pou bay madichon. Tout ti bouk nan vwazinaj li yo pral tounen yon pil vye mazi pou tout tan.
Amos 6:8Seyè a, Bondye sèl Mèt la, te fè sèman sou tèt li. Men avètisman Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, bay: Mwen pa ka sipòte lògèy pèp Izrayèl la gen nan kè li. Mwen pa ka wè gwo kay y'ap plede bati yo. M'ap lage kapital la nan men lènmi ak tout moun ladan l'.
Luke 1:73Dapre sèman li te fè bay Abraram, zansèt nou an.