The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 49 › Jeremiah 49:13

Jeremiah 49:13

Se mwen menm, Seyè a, k'ap pale: Mwen fè sèman sou tèt mwen, m'ap fè lavil Bozra tounen yon dezè, yon pil vye mazi. Moun ap pase l' nan betiz, y'ap sèvi ak non l' pou bay madichon. Tout ti bouk nan vwazinaj li yo pral tounen yon pil vye mazi pou tout tan.

Bib La

In The King James Version

For I have sworn by myself, saith the LORD, that Bozrah shall become a desolation, a reproach, a waste, and a curse; and all the cities thereof shall be perpetual wastes.

In Context

12Men sa Seyè a di ankò: -Ata moun ki pa merite pou m' pini yo pral gen pou yo bwè gode chatiman an nèt ale. Se nou menm atò pou yo pa ta pini! Non. Yo p'ap pini nou? Se pou nou bwè nan gode chatiman an tou.

14Jeremi di ankò: -Mwen te tande mesaj Seyè a bay la. Li te voye mesaje nan tout nasyon yo pou di yo sanble tout lame yo pou yo mache pran Edon, pou y' al goumen avè l'.

Read all of Jeremiah 49

Cross References

Genesis 36:33Lè Bela mouri, se Jobab, gason Zerak la, moun lavil Bozra, ki te gouvènen nan plas li.

Isaiah 34:6Nepe Seyè a pral benyen ak san yo tankou san mouton ak san bouk yo touye pou li. Li pral kouvri ak grès tankou grès wonyon belye yo touye pou li. Yo pral fè yon ofrann bèt pou Seyè a lavil Bozra. Yo pral fè yon gwo masak nan peyi Edon.

Isaiah 45:23Mwen fè sèman sou tèt mwen, sa m'ap di la a se laverite klè. Pesonn p'ap ka demanti pawòl mwen yo. Tout moun pral vin ajenou devan mwen. Nan tout lang, y'ap pran non mwen pou yo fè sèman.

Jeremiah 44:26Men koulye a, koute sa m'ap di nou, nou menm moun Jida yo k'ap viv nan peyi Lejip la. Se mwen menm Seyè a k'ap pale, mwen fè sèman sou tèt mwen: nan tout peyi Lejip la p'ap gen pesonn nan moun Jida yo ki pou pran non mwen pou fè sèman, pou yo di: Nan non Seyè a, Bondye vivan an!

Jeremiah 49:17Seyè a di ankò: Se konsa peyi Edon an pral tounen yon dezè k'ap bay gwo lapenn. Tout moun k'ap pase bò la pral pran sezisman, y'ap pè.

Ezekiel 25:13Se poutèt sa, men sa mwen menm Seyè sèl Mèt la ap di: Mwen pral lonje men m' sou Edon pou m' pini l', mwen pral touye dènye moun ak dènye bèt nan peyi a. M'ap fè l' tounen yon dezè, pran depi lavil Teman rive jouk lavil Dedan. Yo pral touye tout moun nan lagè.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 49:13

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 49:12Jeremiah 49Jeremiah 49:14 →