Genesis 22:2
Bondye di l': -Pran Izarak, pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an, pitit ou renmen anpil la. Ale nan peyi Morija, w'a moute sou tèt mòn mwen pral moutre ou la. Lè w'a rive la, w'a touye l'. Apre sa, w'a boule l' nèt pou mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 17:19Men Bondye di l'. Non, se Sara madanm ou, ki gen pou fè yon pitit gason pou ou. W'a rele l' Izarak. M'ap kenbe kontra mwen avèk li, ansanm ak pitit pitit li yo. Pa bliye. Se va yon kontra k'ap la pou tout tan.
Genesis 21:12Men, Bondye di Abraram konsa-Ou pa bezwen pran lapenn pou ti gason an ak pou Aga, sèvant ou a. Ou mèt fè tout sa Sara di ou fè a, paske se Izarak ki pral ba ou pitit pitit mwen pwomèt ou yo.
Genesis 22:16-Mwen sèmante sou tèt mwen. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen gen pou m' beni ou anpil poutèt sa ou fè a. Ou pa t' refize ban mwen pitit ou a, sèl pitit gason ou genyen an.
Judges 11:39Sou de mwa, li tounen vin jwenn papa l' ki fè sa l' te pwomèt fè pou Seyè a. Se konsa, li mouri tifi. Se depi lè sa a sa rete yon koutim nan peyi Izrayèl la,
2 Chronicles 3:1Salomon tanmen bati Tanp Seyè a lavil Jerizalèm sou mòn Morija a, kote Seyè a te parèt devan David, papa l', sou anplasman David te pare pou sa a, ki vle di kote Onan, moun Jebis la, te gen glasi l' la.
John 3:16Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.