Genesis 22:4
Sou twa jou, Abraram gade, li wè kote a yon bon ti bout devan l'.
Bib La
In The King James Version
Then on the third day Abraham lifted up his eyes, and saw the place afar off.
In Context
Cross References
Exodus 15:22Moyiz fè moun Izrayèl yo pati kite bò lanmè Wouj la. Yo mete tèt yo sou bò dezè Chou a. Yo t'ap mache depi twa jou nan dezè a san yo pa jwenn gout dlo pou yo bwè.
Exodus 19:15Apre sa, Moyiz di yo: -Pare nou pou apre denmen. Pa kouche ak ankenn fanm.
Numbers 10:33Se konsa, pèp la leve li pati, li kite mòn Sinayi a, mòn Seyè a, yo mache twa jou. Epi Bwat Kontra Seyè a pran devan yo tout pou chache yon kote pou yo moute tant yo.
Numbers 19:19Sou twazyèm jou a ak sou setyèm jou a, nonm ki nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye a va voye dlo a sou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye a. Sou setyèm jou a, l'a fè sèvis pou mande Bondye gras pou nonm lan. Apre sa, nonm lan va lave rad ki sou l' a, l'a benyen nan gwo dlo. Men, se lè solèy va fin kouche la nan kondisyon ankò pou l' fè sèvis Bondye.
Joshua 1:11-Mache nan tout kan an. Bay pèp la lòd pou yo pare tout zafè yo, paske nan twa jou nou pral janbe lòt bò larivyè Jouden an pou nou antre nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou pou peyi pa nou.
2 Kings 20:5—Tounen al jwenn Ezekyas, chèf pèp mwen an. W'a di l' pou mwen. Men sa Seyè a, Bondye David, zansèt ou a, voye di ou. Mwen tande lapriyè ou. Mwen wè jan sa fè ou mal, m'ap geri ou. Nan twa jou w'ap kanpe, ou pral nan Tanp Seyè a.