Exodus 19:15
Apre sa, Moyiz di yo: -Pare nou pou apre denmen. Pa kouche ak ankenn fanm.
Bib La
In The King James Version
And he said unto the people, Be ready against the third day: come not at your wives.
In Context
Cross References
Exodus 19:11Se pou yo pare pou twazyèm jou a. Paske, sou twa jou mwen menm, Seyè a, m'ap desann sou mòn Sinayi a pou tout moun ka wè m'.
Leviticus 15:18Lè yon nonm kouche ak yon fanm epi li voye anndan l', tou de gen pou benyen nan gwo dlo, epi yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.
1 Samuel 21:5David reponn li: -Se toujou konsa, lè nou nan misyon, nou pa nan anyen ak fanm menm. Sou pwen sa a, depi m'ap soti ak mesye m' yo, li te mèt pou yon misyon òdinè, mesye m' yo fèt pou toujou nan kondisyon pou yo fè sèvis Bondye, ale wè fwa sa a se pou yon misyon espesyal.
Amos 4:12Se poutèt sa, nou menm moun pèp Izrayèl, mwen pral pini nou. E paske mwen pral pini nou konsa a, nou mèt pare kò nou pou n'a l' kontre ak Bondye nou an.
Zechariah 7:3Yo te voye yo vin mande prèt yo ansanm ak pwofèt k'ap sèvi nan tanp Seyè a keksyon sa a: -Pandan senkyèm mwa a, èske se pou nou toujou pran lapenn pou tanp yo te detwi a? Eske se pou nou toujou fè jèn jan nou te konn fè pandan tout lanne anvan yo?
Malachi 3:2Men, ki moun ki ka sipòte jou l'ap vini an? Ki moun ki va rete kanpe devan l' lè la parèt la? L'ap tankou dife yo sèvi pou fonn fè. L'ap tankou gwo savon yo sèvi pou blanchi rad.