Genesis 23:10
Efwon te chita la avèk lòt moun Et yo, bò pòtay lavil la, kote moun yo konn reyini an. Devan moun Et yo, devan tout moun ki t'ap pase bò pòtay la, Efwon reponn Abraram. Li di li:
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 23:18yo vin pou Abraram, devan tout moun Et yo, devan tout moun ki te bò pòtay la.
Genesis 34:20Amò ak Sichèm, pitit gason l' lan, al nan pòtay lavil la, kote tout moun yo te konn reyini, yo pale ak moun peyi a. Yo di yo:
Ruth 4:1Bòz ale nan pòtay lavil la, kote moun yo konn reyini an, epi li chita. Lè sa a, yon moun vin ap pase. Se te nèg ki te fanmi Elimelèk pi pre pase l' la, nonm Bòz t'ap pale Rit la. Bòz rele l', li di l': -Entèl, vini m' pale ou, monchè! Chita non! Nonm lan al jwenn li, li chita.
Isaiah 28:6L'a fè moun ki chita nan tribinal yo gen bon konprann pou yo pa fè lenjistis. L'ap bay sòlda yo fòs pou yo ka kilbite lènmi yo lòt bò pòtay lavil la.
Luke 2:3Tout moun te al fè pran non yo nan lavil kote fanmi yo te soti.