Genesis 23:9
Mande l' pou l' vann mwen twou wòch Makpela a ki pou li nan bout jaden l' lan. Mande l' pou l' vann mwen li pou pri li vo, pou sa ka sèvi m' simityè isit la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 49:29Apre sa, Jakòb ba yo lòd sa a: -Mwen menm, mwen pral jwenn fanmi m' yo ki mouri deja. Antere m' menm kote ak zansèt mwen yo nan twou wòch ki nan jaden Efwon, moun Et la,
1 Chronicles 21:22David di Onan konsa: -Vann mwen anplasman glasi a pou m' bati yon lotèl pou Seyè a. Ban mwen li pou pri li vo. Konsa, epidemi k'ap fini ak pèp la va sispann.
Romans 12:17Si yon moun fè nou mal, pa chache fè l' mal tou. Chache fè sa ki byen nan je tout moun.