Genesis 23:2
Li mouri yon kote yo rele Kiriyat Aba osinon Ebwon nan peyi Kanaran. Abraram pran lapenn pou lanmò Sara, li plenn sò li.
Bib La
In The King James Version
In Context
1Sara viv sanvennsetan (0127 an).
3Abraram leve bò kote kadav la, li ale pale ak moun Et yo. Li di yo konsa:
Cross References
Genesis 13:18Se konsa, Abram ranmase tout zafè l', li vin rete bò pye bwadchenn Manmre yo, toupre Ebwon. Se la li bati yon lotèl pou Seyè a.
Genesis 24:67Izarak mennen Rebeka lakay li, kay ki te pou Sara, manman l' lan. Li pran l' pou madanm li. Izarak te renmen Rebeka. Se konsa li te jwenn konsolasyon, apre li te fin pèdi manman l' lan.
Genesis 50:1Jozèf lage kò l' sou papa l', li kriye kont li, li bo l' nan figi.
Numbers 13:22Yo travèse zòn Negèv la, yo rive lavil Ebwon kote moun Ayiman yo, moun Chechayi yo ak moun Talmayi yo rete. Yo tout te fè pati ras moun Anak yo. Ebwon sa a, se yon lavil ki te bati sètan anvan yo te bati lavil Zoan nan peyi Lejip.
Deuteronomy 34:8Moun pèp Izrayèl yo pase trant jou nan plenn Moab yo ap kriye lanmò li. Apre sa, yo fini ak tan yo t'ap pase ap kriye pou lanmò Moyiz la.
Joshua 14:14Jouk koulye a, Ebwon rete pou Kalèb ak pou moun ras fanmi li yo, paske Kalèb te fè tou sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te vle l' fè.