Genesis 24:67
Izarak mennen Rebeka lakay li, kay ki te pou Sara, manman l' lan. Li pran l' pou madanm li. Izarak te renmen Rebeka. Se konsa li te jwenn konsolasyon, apre li te fin pèdi manman l' lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
66Domestik la rakonte Izarak tout sa li te fè.
Cross References
Genesis 2:22Avèk zo kòt li te wete nan nonm lan, li fè yon fanm, li mennen l' ba li.
Genesis 18:9Lèfini, yo mande l'. Kote Sara, madanm ou? Li reponn. Li la wi, anndan kay la.
Genesis 23:2Li mouri yon kote yo rele Kiriyat Aba osinon Ebwon nan peyi Kanaran. Abraram pran lapenn pou lanmò Sara, li plenn sò li.
Genesis 29:18Jakòb te renmen Rachèl. Li reponn Laban: M'ap sèvi avè ou sèt lanne pou Rachèl, dezyèm pitit fi ou la.
Genesis 38:12Kèk tan apre sa, madanm Jida, pitit fi Chwa a, mouri. Apre Jida te fin fè sa pou l' te fè pou lanmò a, li moute al Timna ansanm ak zanmi l' lan, Ira, moun Adoulam lan. Li tapral wè moun ki t'ap taye lenn mouton l' yo pou li.
Isaiah 54:1Jerizalèm, ou menm ki pa t' kapab fè pitit, rele, fè fèt! Ou menm ki pa t' janm konnen doulè tranche, chante, danse, fè kè ou kontan! Paske fanm gason pa t' okipe a ap gen plis pitit pase fanm mari l' pa t' janm kite l' la. Se Seyè a menm ki di sa.