Genesis 25:18
Pitit pitit Izmayèl yo te rete sou teritwa ki konmanse depi Avila rive jouk Chou, anfas peyi Lejip sou bò solèy leve a, anvan ou pran peyi Lasiri. Yo t'ap viv pou kont yo. Yo pa t' mele ak rès fanmi yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
19Men istwa Izarak, pitit Abraram.
Cross References
Genesis 2:11Premye branch lan te rele Pichon. Se larivyè sa a ki wouze tout peyi Avila a, peyi kote yo jwenn anpil lò a.
Genesis 10:29Ofi, Avila ak Jobab. Yo tout se pitit Joktan yo te ye.
Genesis 14:10Nan Fon Sidim lan te gen anpil twou byen fon ki te plen asfat. Pandan batay la, wa Sodòm ak wa Gomò yo pran kouri pou lènmi yo, yo te vle wete kò yo nan batay la, yo tonbe nan twou asfat yo. Lòt wa yo menm kouri al kache nan mòn.
Genesis 16:12Pitit gason ou lan va tankou yon bourik mawon. L'ap chache tout moun kont. tout moun va chache l' kont. Li p'ap mele ak tout frè l' yo. L'ap viv pou kont li.
Genesis 21:14Nan denmen Abraram leve bonè, li pran pen ak yon sak an po bèt plen dlo, li bay Aga. Li ede l' mete yo sou tèt li. Li ba li pitit la, li fè l' ale kite kay la. Aga pati, li mache, li mache, jouk li pèdi nan dezè Bècheba a.
Exodus 15:22Moyiz fè moun Izrayèl yo pati kite bò lanmè Wouj la. Yo mete tèt yo sou bò dezè Chou a. Yo t'ap mache depi twa jou nan dezè a san yo pa jwenn gout dlo pou yo bwè.