Genesis 25:23
Seyè a reponn li: -Ou gen de nasyon nan vant ou. W'ap fè de pèp: chak ap pran bò pa yo. Yonn p'ap vle wè lòt. Yonn ap pi gwonèg pase lòt. Pi gran an pral sou zòd pi piti a.
Bib La
In The King James Version
In Context
24Lè jou pou Rebeka akouche a rive, li fè de marasa.
Cross References
Genesis 17:4-Men kontra m'ap pase avè ou la. W'ap zansèt moun anpil nasyon.
Genesis 24:60Yo beni Rebeka, yo di l': -Rebeka, sè nou, nou mande Bondye pou ou fè anpil anpil pitit. Se pou pitit pitit ou yo bat tout lènmi yo.
Genesis 27:29Se pou kantite pèp soumèt devan ou. Se pou kantite nasyon bese tèt devan ou. Se ou menm ki pou mèt frè ou yo. Se pou pitit pitit manman ou yo bese tèt devan ou. Se pou tout moun ki ba ou madichon jwenn madichon. Se pou tout moun ki beni ou jwenn benediksyon.
Genesis 27:40Se zam ou k'ap fè ou viv. W'ap sèvi frè ou la, se vre. Men, se pye poudre ou ye, w'a soti anba men l'.
Genesis 33:3Li menm, li pran mache devan yo tout. Li bese tèt li jouk atè pandan sèt fwa, jouk li rive toupre Ezaou, frè li a.
Genesis 48:19Men, papa a derefize. Li di l': -Mwen konnen, pitit mwen, mwen konnen. Manase tout ap vin yon pèp. Li menm tout l'ap grannèg. Men, ti frè l' la pral pi grannèg pase l'. Pitit li yo pral vin anpil nasyon.