Genesis 48:19
Men, papa a derefize. Li di l': -Mwen konnen, pitit mwen, mwen konnen. Manase tout ap vin yon pèp. Li menm tout l'ap grannèg. Men, ti frè l' la pral pi grannèg pase l'. Pitit li yo pral vin anpil nasyon.
Bib La
In The King James Version
In Context
18Epi li di papa l': -Se pa konsa, papa. Men pi gran an bò isit. Mete men dwat ou sou tèt li.
Cross References
Genesis 25:23Seyè a reponn li: -Ou gen de nasyon nan vant ou. W'ap fè de pèp: chak ap pran bò pa yo. Yonn p'ap vle wè lòt. Yonn ap pi gwonèg pase lòt. Pi gran an pral sou zòd pi piti a.
Genesis 48:14Men, Izrayèl kwaze men l' lè l'ap lonje yo, li mete men dwat li sou tèt Efrayim ki te pi piti a, li mete men gòch li sou tèt Manase ki te pi gran an. Izrayèl te konnen sa l' t'ap fè lè l' te fè sa.
Numbers 2:19Dapre resansman an, te gen karantmil senksan (040.500) gason nan divizyon sa a.
Deuteronomy 33:17Li byen kanpe tankou premye pitit yon towo bèf. L'ap gen fòs kouraj yon bèf savann. L'ap bat tout pèp ki sou latè ak kout kòn, l'ap kouri dèyè yo jouk nan dènye bout latè. Wi, se sa tout milyon moun Efrayim yo ak tout kantite moun Manase yo pral fè.
Isaiah 7:17Seyè a pral fè yon malè sou ou, sou pèp la ak sou tout fanmi David, granpapa ou la, yon malè ki pral pi mal pase lè moun Efrayim yo te separe ak moun Jida yo. L'ap fè wa peyi Lasiri a parèt sou nou.
Revelation 7:6douzmil nan branch Asè a, douzmil nan branch Nèftali a, douzmil nan branch Manase a,