Genesis 25:9
Izarak ak Izmayèl, pitit li yo, antere l' nan twou wòch Makpela a, nan jaden Efwon, pitit Zoka, yon moun Et, anfas Manmre.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Se jaden sa a Abraram te achte nan men mesye Et yo. Se la yo te antere Abraram ak Sara, madanm li.
Cross References
Genesis 21:9Yon jou Izmayèl, pitit Aga, fanm peyi Lejip la te fè pou Abraram lan t'ap jwe ak Izarak, pitit Sara a. Sara wè sa.
Genesis 23:19Apre sa, Abraram antere Sara, madanm li, nan twou wòch ki te nan jaden Makpela a, anfas Manmre yo rele Ebwon an, nan peyi Kanaran.
Genesis 47:30Mwen vle pou yo antere m' menm kote ak zansèt mwen yo, lè m aval jwenn fanmi mwen yo ki mouri deja a. Se pou ou pran kadav mwen, pote l' soti peyi Lejip, al antere l' nan kavo fanmi m' yo. Jozèf reponn li: -m'a fè jan ou mande m' lan.
Genesis 49:31Se la yo te antere Abraram ak Sara, madanm li. Se la yo te antere Izarak ak Rebeka, madanm li. Se la tout mwen te antere Leya.